Ou bezwen viv nan yon kay kote pou jwenn swen sante?
Ou bezwen èd pou pran swen yon moun lakay ou?
Ou vle travay lakay ou epi pou touche kòm moun k ap bay swen?
Adult Family Care (AFC) se yon pwogram enpòtan ki ede granmoun aje ak pi jèn moun ki gen andikap, ki bezwen èd pou fè aktivite chak jou yo, pou yo viv yon fason endepandan nan yon anviwònman fanmi ki bay sipò. Enfimyè ak travayè sosyal Adult Family Care sipòte alafwa Malad yo ak Moun k ap bay yo swen an.